Logo Bib — Dokiman Biblik Bib — Dokiman Biblik

Konsènan otè a

Mwen menm, Fr. Agénor Casimir

Fr. Agénor Casimir ak fanmi li
Fr. Agénor Casimir ak fanmi li — Foi & Grâce

Mwen se yon jenn predikatè Levanjil la, epi yon ansèyan Bib la. Mwen marye, epi Bondye beni mwen, ansanm ak madanm mwen Whisneslande, ak kat timoun : Nohge, Ruth, Lydie ak Whitley — twa fi ak yon gason.

Mwen rete Tijuana, nan Meksik, kote mwen sèvi Bondye nan mitan yon asanble evanjelik. Fanmi mwen se premye temwayaj ministè mwen an : lakay mwen, lafwa a se pa yon diskou, se yon lavi yo viv chak jou, nan priyè, nan lanmou ak nan respè pou Pawòl Bondye a.

Dezi mwen se senp epi li fon : pou tout moun konnen Pawòl Bondye a, pou chak kretyen gen konesans, pou lafwa nou grandi epi pou nou mache nan verite a. Se pou sa mwen fè aplikasyon Bib — Dokiman Biblik la, epi sit sa a : pou Pawòl la rive nan men tout moun, gratis.

Vizyon mwen

Vizyon mwen se wè tout kretyen fòme nan Pawòl Bondye a, ini tankou yon sèl kò, epi k ap viv chak jou pou fè Bondye plezi. Mwen pote yon dezi espesyal pou chak moun ki gen yon responsablite nan legliz la — lidè, pastè, predikatè, dyak, manm akèy, manm koral ak adoratè — pou chak moun fè travay li byen, ak fidelite, ak konesans epi ak yon kè pi. Dezi sa a dèyè chak dokiman, chak leson ak chak paj sou sit sa a : pou pèsonn pa rete san fòmasyon, epi pou tout legliz la grandi nan verite a ak nan lanmou.

— Fr. Agénor Casimir · Foi & Grâce

Fanmi Agenor Casimir
Fanmi an — premye temwayaj ministè a

À propos de l'auteur — en français

Je suis un jeune prédicateur de l'Évangile et un enseignant de la Bible. Je suis marié, et Dieu m'a béni, avec ma femme Whisneslande, de quatre enfants : Nohge, Ruth, Lydie et Whitley — trois filles et un garçon.

J'habite à Tijuana, au Mexique, où je sers Dieu au milieu d'une assemblée évangélique. Ma famille est le premier témoignage de mon ministère : chez moi, la foi n'est pas un discours, c'est une vie vécue chaque jour, dans la prière, dans l'amour et dans le respect de la Parole de Dieu.

Mon désir est simple et profond : que tous connaissent la Parole de Dieu, que chaque chrétien ait la connaissance, que notre foi grandisse et que nous marchions dans la vérité. C'est pour cela que j'ai fait l'application Bib — Documents Bibliques, et ce site : pour que la Parole arrive entre les mains de tous, gratuitement.

Ma vision

Ma vision est de voir tous les chrétiens formés dans la Parole de Dieu, unis comme un seul corps, vivant chaque jour pour plaire à Dieu. Je porte un désir spécial pour chaque personne qui a une responsabilité dans l'église — leaders, pasteurs, prédicateurs, diacres, membres de l'équipe d'accueil, membres de la chorale et adorateurs — pour que chacun fasse bien son travail, avec fidélité, avec connaissance et avec un cœur pur. Ce désir est derrière chaque document, chaque leçon et chaque page de ce site : que personne ne reste sans formation, et que toute l'église grandisse dans la vérité et dans l'amour.

— Fr. Agénor Casimir · Foi & Grâce