Dokiman biblik · 8 sou 15
Gid pou nouvo konvèti yo
2 Korentyen 5:17 · 2 Corinthiens 5:17
An Kreyòl
Byenveni nan fanmi Bondye a!
Si ou te resevwa Jezi, Bib la di ou se yon «nouvo kreyati» (2 Korentyen 5:17) epi non ou ekri nan Liv Lavi a. Men kijan pou ou grandi:
7 premye etap
1) Pale ak Bondye chak jou nan priyè. 2) Li Bib la, kòmanse ak Levanjil Jan an. 3) Ale legliz regilyèman. 4) Batize ou nan dlo, jan Jezi te kòmande (Matye 28:19). 5) Rakonte temwayaj ou bay lòt moun. 6) Kite vie abitid ki pa fè Bondye plezi. 7) Antre nan yon gwoup etid oswa yon ministè.
Lè ou tonbe
Pa rete atè. 1 Jan 1:9 di: si nou konfese peche nou yo, Bondye fidèl pou li padone nou. Leve, repanti, epi kontinye mache.
Yon priyè senp chak maten
«Seyè Jezi, mèsi paske ou sove m. Gide etap mwen yo jodi a, ranpli m ak Sentespri ou, epi ede m viv pou ou. Amèn.»
«Menm jan ak tibebe ki fèk fèt, anvi lèt espirityèl pi a, pou nou ka grandi.» 1 Pyè 2:2
En français
Bienvenue dans la famille de Dieu !
Si vous avez reçu Jésus, la Bible dit que vous êtes une « nouvelle créature » (2 Corinthiens 5:17) et que votre nom est écrit dans le Livre de Vie. Voici comment grandir :
Les 7 premiers pas
1) Parlez à Dieu chaque jour dans la prière. 2) Lisez la Bible, commencez par l'Évangile de Jean. 3) Allez à l'église régulièrement. 4) Faites-vous baptiser d'eau, comme Jésus l'a ordonné (Matthieu 28:19). 5) Racontez votre témoignage aux autres. 6) Abandonnez les anciennes habitudes qui déplaisent à Dieu. 7) Rejoignez un groupe d'étude ou un ministère.
Quand vous tombez
Ne restez pas à terre. 1 Jean 1:9 dit : si nous confessons nos péchés, Dieu est fidèle pour nous pardonner. Relevez-vous, repentez-vous et continuez à marcher.
Une prière simple chaque matin
« Seigneur Jésus, merci de m'avoir sauvé. Guide mes pas aujourd'hui, remplis-moi de ton Saint-Esprit et aide-moi à vivre pour toi. Amen. »
« Désirez, comme des enfants nouveau-nés, le lait spirituel et pur, afin que vous croissiez. » 1 Pierre 2:2